OU SE , M’SE....
Dans la catégorie : Poèmes d'amour
par Roosevelt Aubourg
OU SE , M’SE....
Ou se dans sou rit tanbou’m
Tyatya nan kadans twoubadou’m
Tabou konmbo nan bolewo’m
Kongo nan fòlklò’m
Ou se zanana nan godrin mwen
Tamarin nan konfiti’m
Zechalòt nan pikliz mwen
Sowosi nan tafya’m.
Ou se jele sou bobori’m
Lèt nan makòs mwen
Donbwèy nan sòs pwa’m
Krab nan sòs kalalou’m.
Ou se ginen ,m’se zaka
Ou se lanmè ,m’se agwe.
Ou se dife m’ se kanzo
M’se sous , Ou se simbi.
Ki sa’w pa ye pou mwen ?
Kisa’m pa ye pou ou ?
Ou se tout pou mwen
M’se tout pou ou.
Roosevelt Aubourg
N.B j'ecris ce poeme en creole ma langue maternelle
- Score :
0
-
Vu 50 fois
- Vous devez être connecté pour voter.
-
Les commentaires